Easily bay yon entèvyou nan Caraibes FM
PAP, Haiti -- Easily, yon rapè LIVE JAM ke yo di ki te pike Fredi nan Bouyon Rap kreyol, ki te fèt nan Televizyon PVS, 23 septanm nan, te nan Caraibes FM dimanch swa 4-6è. Easily fè eskiz nan emisyon Peterson lan ki pase dimanch swa. Pandan Easily te nan radyo a, Fredi te debake nan zon lan ak yon bèl ekip.
Moun te sou de ran nan ri Chavanne, kote evenman sa-a tap pase. Te gen anpil tansyon nan zon lan, men tout nèg te konpote yo an granmoun, epi tou de ekip yo te monte nan El Dorado, sou garanti John Dirikole, pou yo te al asiste rès sho Konkou Rap se plezi vakans lan. Tout moun kontan jès Easily a epi yo kwè li lè pou goumen sispann ant rapè.