Komantè yon gwo fanatik rap kreyòl lòt bò dlo
PAP/Haiti -- Gen yon bagay mwen li sou blòg ou a ki pa fè
kè'm kontan ditou. Se zafè beef nan mouvman an. Mwen pa gen problem ak "battle rap", fristal konpetisyon kote MC's yo ap koke mikro youn ak lòt pou wè kilès ki
ka diss lot pi byen. Men zafè beef la mwen pa renmen sa. Zafè pou solda mouvman an ap rale zam youn sou lòt oubyen ap kite move san fè yo fè tenten pou yo sal
figi mouvman se pa yon bagay ke mwen renmen ditou.
M'espere nèg Rockfam ak nèg Barikad yo ap chache yon jan pou rezoud problem yo san yo pa bezwen nan vyolans. Nou paka ap rape kont vyolans epi pandan tan sa nou pa ka antann nou. Mwen konprann nou tout se moun ak kalite e defo. Youn gen dwa pa renmen sa lòt ap fè nan mouvman an; men li enpotan pou youn respekte dwa ak lavi lòt la.
Siyen: Fred A.K.A. Pè Toma