Rankont Barikad - Rockfam nan Rapforum
PAP/Haiti -- Mèkredi 3 me te gen yon gwo rankont nan Rapforum, kote manm Barikad t'ap rankontre ak manm Rockfam sou pwoblèm chirepit ki gaye nan mitan fanatik yo nan afè mouchwa rouj, mouchwa nwa. Nèg lavil yon bò ak nèg Delma yon lòt bò.
Apre plizyè pawòl tonbe kote K-tafalk ki t'ap pale pou Barikad te eksplike kisa yo reproche nèg Rockfam ki konn di yo seri pawòl nan emisyon Rapproche. Dug G te reponn pou'l di ke Rockfam pa gen okenn pwoblèm avek Barikad.
Reyinyon sa te fini lè de reprezantan gwoup sa yo te kore. Te gen anpil aplodisman lè sa-a. Sete yon moman enpòtan pou rap kreyòl la.
Na ba'w plis detay...