Final konkou lari pwòp nan Telemax
PAP/Haiti -- Sete samdi 3 jin ke final Konkou lari pwòp Yele Haiti a te fèt nan Telemax, kote yon bann gwo zotobre nan domèn mizik la te reponn prezan. Jiri-a ki te gen ladann John Dirikole (rapforum), Anderson Bregard (radyo Karayib) ak plizyè lòt animatè te bay non twa moun ki te reyisi fè pi bèl mizik pou konkou-a. Sete Franè, Mad S, Trajedi. Yo te gen menm pri paske yo chak te reprezante yon zòn.
Tout bagay te byen pase nan sware sa-a ke Jimi O t-ap anime. Telemax te bay li andirèk, sa-k te pèmèt anpil moun apresye kèk bèl pèfòmans Rap kreyòl.