Konkou mizik Rap pou Ete 2006
PAP/Haiti -- Rapforum ak plizyè patnè mete kanpe yon konkou mizik Rap ki gen kòm tèm:
Rap se plezi vakans. Enskripsyon yo deja kòmanse epi y-ap pran fen 7 jiyè. Tout moun ki vle patisipe gen dwa pase pran enfòmasyon nan Rapforum ak nan Boutik Kamouflaj, ki nan 45 Maglwa Anbwaz.
Plizyè pri gen pou bay nan final konkou sila-a ki louvri pou tout rapè nan peyi d-Ayiti.