Rap kreyol la ap vale teren
PAP/Haiti -- Depi fen lane 2005, gen yon gwoup ki ap fè anpil moun pale, se BARIKAD CREW ki jodi a nan yon gwo chirepit ak lot klan rapè nan Delmas. Yon bagay k'ap bay anpil pwoblèm nan mouvman.
Dènyeman, se pa de tansyon ki te genyen nan lékol Nouvelle Lune, kote Barikad t'ap jwe anfas Rockfarm. Zam manke rale. M'ap tounen sou sijè sila, ak plis detay paske nou gen entèvyou manm Barikad ak manm Rockfarm ki pale avek reprezantan RAPFORUM, ki limenm se yon oganizasyon ki pa pran pati pou pèsonn.
Gen plizyè lot "beef" nan mouvman an jodi a. Se komsi chak fwa Rap Kreyol la ap vale teren, gen moun ki simen pwav pou fè atis yo goumen, paske se fason ki pi fasil pou kraze mouvman.