Festival Rap Rapproche
PAP/Haiti -- Planèt kreyòl ansanm avek Rapproche ki se yon yon emisyon ki fèt chak samdi sou antèn li ap prepare dezièm edisyon Festival Rap yo a nan klib Rekreyasyon nan dat 29 avril 2006. Ane sa-a pap gen konpa ladan-l e sa fè anpil rapè plezi.
Anpil gwoup reponn pou yo prezan nan festival sa-a, men Barikad Crew pa aksepte kondisyon yo, kidonk li konte patisipe nan yon lòt cho k'ap fèt nan Kafou menm jou a depi nan maten.
Anpil moun di ke Barikad pa vle patisipe paske yo gen pwoblèm ak Rockfarm, gen moun ki di lòt bagay. N'ap cheche plis enfòmasyon sou kesyon sa-a epi n'ap tounen ak repons. N'ap fè'w konnen tou, ki gwoup k'ap nan festival la.