Yon gwo Kondoleyans pou Don Chov
PAP/HAITI -- Nou aprann avek anpil tristès ke
Don Chov mouri Kansè jedi 20 septanm sa-a nan lopital Mercy (Long Island). Don Chov ki gen bon non
Lucito Louis te chante nan King Posse e li te fè pale de li anpil nan gwoup la.
Dapre James Berlus, "
Se yon defisi man milye Atistik la - Nou te konn rankontre men mouvman avan li te nan King Posse, li te konn chante avek Robert (Unik ) ki te nan Rap N Family, yo te fome Maximum Dope nan ane 94. Yo te patisipe nan yon Konkou ke Jah Yeye te oganise ki te batisé Non a la Drogue - Oui a l'Education. Se 3 Litle Stars ki te premye, Money Honey Mic te 2èm, Maximum Dope te 3èm. Konkou-a a te gen 4 Etape e nan 2èm etape la Brother Fly te premye, la bande a Super F, DFX 2èm sete groupe pam. Yon Rapè Kafou te 3èm avek yon adaptasyon Kriss Kross (Jump). Sete yon bel epok!"
James Berlus fè yon bèl temwayaj, se konsa Istwa Rap kreyol ap pran nésans. Si gen lot moun ke ka bay temwayaj pa yo, pa pè voye-l ba nou. Paske n'ap chèche plis enfomasyon pou nou bay sou jan gwo atis sa-a mouri.