Barikad VS Rockfam: Pawòl anpil la kòmanse
PAP/HAITI -- Nan mitan rapè ak fanatik yo semèn sa-a, se gwo pawòl anpil sou zafè kanaval 2007 la. Rockfam gen yon trak kanaval ki rélé
Anvayi yo epi Barikad gen youn ki rélé
Tay Kréyon . Men fòk nou pa bliyé lòt bon trak kanaval yo tou, tankou NGS, Boulé Mic, Mystic 703 ki résevwa anpil aprésyson piblik la.
Barikad ak Rockfam se de gwoup ki gen anpil chans pou patisipé nan Défilé kanaval ané sa-a. Se sa tout fanatik rap kreyòl ap tann, paske yo pa vlé bif, men yo pa gen pwoblèm ak konpétisyon. Konsa tout bagay t'ap tranche sou Channmas.
Nou ka tande 2 trak sa yo nan nan Hitbox la epi si nou vlé bay opinyon nou Klike sou Kòmantè.