Dewoulman Jounen Kreyòl nan Rapforum
PAP/HAITI -- Jounen Pòt louvri nan Rapforum pou selebre Jounen Entènasyonal Kreyòl la te gen plizyè aktivité ladan-l. Ekspozisyon teks kreyòl tankou pwezi Georges Castera ak Felix Morisseau Leroy. Pawòl mizik rap tankou tèks Me-Stair ak F-ner. Te gen de konferans sou lang kreyòl, ak Mèt Sanon ki se reprezantan
Enstiti Ayisyen, ak yon reprezantan ARAKA, yon òganizasyon kiltirèl k-ap travay ak jèn yo. Plizyè rapè te patisipe nan seyans pwezirap - Slam ak Freestyle la ki te fini vè 6è. Se Pitòg ki te responsab Jounen sila-a ki te atira anpil moun nan lokal Rapforum.