MYSTIK 703 Sa’m pa ka di la-a Chanson carnavalesque 2009
INTRO
Mystik Yeah Ouragan Dèd Klik Klik
Yeah Men nan men la vi ka bèl
Weyo weyo wewe yo wewe yo - Mystik Weyo weyo wewe yo wewe yo - Weyo weyo wewe yo wewe yo - Eud Weyo weyo - Hey Weyo weyo
Ded Kra-z Depi 4 ti bagèt frape ou mèt kon’n se nan janm pou kantite moun ki t’ap tann nou se yon pakèt ak yon bann lespri koridò se mwen se nou m’defann nou di betiz nan mystik nou pa voye pwent pou fidèl yo pa pran kriz
Weyo weyo wewe yo wewe yo - Mystik Weyo weyo wewe yo wewe yo - Weyo weyo wewe yo wewe yo - Eud Weyo weyo - Hey Weyo weyo
Eud Chak sa nou di se sa fidèl mystik yo repete Se chwa pa yo wi nou se modèl imaj yo’n reflete Nou di’l e nou fè’l pou tout sa ki soud e ki gen je pete Li real e li bèl nou pa touche on goud e’n pa mande prete
K.Libr’ Nan plezi mizik fanm m’dejwe yo di’m echwe Apre mystik se nan janm m’vle jwe yo de m’jwe M’ap jofre bèl crazy dach (papa) Bèl plezi kou’w gen kach (dola) Men pito’w fè lach tan pou’w la-a pou’w vin voye ka-a kon’w boeuf Frèch on top nan club m’klere kon’w kòb nèf An flèch m’ap pop san disturb m’vin tyeke bèl meuf Ki pa chich e’k pa chè ki p’ap pale’m de kris Pou fès li rich e plen chè k’ap kale bèl kwis Kale kò’w nan benyen pa gen kache lonbrik sou mwen Rale kò’w sou’w sou plenyen ou p’ap fè yo brik sou mwen Ou toujou sou pale beu voye fleu san’w pa okipe zafè pa’w Kon’w chat moun pa jan’m tande bri pa’w Nan fè nwa w’toujou fè trip pa’w
Refren Tout moun sou plimen poul la pa kite’l kriye Tout moun sou fè bagay la men de li yo p’ap pale Tout moun sou voye ròch la men yo y’ap kache Tout moun sou brase moun tout moun sou kase moun
Koule gròg ou ( koule) Si’w soule se djòb ou (soule), (3 fwa) Boule kòb ou (boule) Roule bòb ou (roule), (3fwa)
Ded Kra-z Nou di nou fè’l nèt nèt nèt nèt E nou p’ap voum ni pwèt pwèt pwèt Kalonnen boulèt lèt lèt lèt anba biskèt kèt, kèt, kèt Aktivite sa pa legliz tanpri pa vin pran pòz Nou etone pou sa’n tande ak wè atis yo pa lakòz Nou pa di sotiz nan chache atansyon N’ap bay fanm yo tiz ak plis atansyon Dekonsantre relax enjoy pwoteje jwèt nou Defoule lespri konsyans pandan n’ap kwontwole tèt nou
Ouragan Depi’m piti yo di’m la vi sa-a tankou yon limyè ki limen M’ap profite’l pou lè’l eten’n frè’m pou’m pa regrèt li menm Tout ti poul ki tonbe anba menm map profite plimen’l Bal bon asid griye’l sou li man Gro kout dan m’pral simen, menm gen yon problèm Gen bagay m’wè m’pa ka di la-a Manman’m fache wi man Lè’m di ak ti ja’n mwen sot fè bagay la Poutèt mwen di’l ke manmzèl saf anpil lè l’ap manje pijon Li di’m li wè ke mwen t’ap sot vagabon depi lè’m te nan bibon E si’m te di’l manmzèl renmen lè yo ba’l gren’n anpil Tankou lè’l gen la fyèv sitou pou saridon E si’m te di’l manmzèl renmen souse sapibon Li t’ap di’m ke ti nèg sa-a pa bon Li pa janm di sa ki bon
Refren Tout moun sou plimen poul la pa kite’l kriye Tout moun sou fè bagay la men de li yo p’ap pale Tout moun sou voye ròch la men yo y’ap kache Tout moun sou brase moun tout moun sou kase moun
Koule gròg ou ( koule) Si’w soule se djòb ou (soule), (3 fwa) Boule kòb ou (boule) Roule bòb ou (roule), (3fwa)
Ded Kra-z Ti pitit si m’ta di’w ou bèl m’vle fè’l avè’w
Eud M’ap trouve‘w trè oze, m’trouve’w pa kon’n koze Anplis ou grosye deja ou ban’m noze Se men’m stil nèg sa yo’k toujou ap fè vyolans sou fanm je yo toujou fikse sou janm E poutan yo pa menm djanm
K.Libr’ Et si j’te dis baby t’es chouette mmh !!! Voudrais-tu sortir avec moi ?
Eud M’ap di’w son nèg ki ka poze Ak fanm ou kon’n koze Pou jan’w byen depoze jadin-an’w ka aroze Ou ka ban’m plis ke plezi kabann
K.Libr' Men sa-a son rans, m’ka di’l an fransè M’pa ka di’l an kreyòl
K.Libr’ e Ouragan *BIS Kot sa’m pa ka di la-a Ouragan: m’gon bèl kòk nan lakou lakay mwen Kot sa’m pa ka di la-a K.libr' : Pijon bon pou anemi wi Kot sa’m pa ka di la-a Ouragan: nan jaden manzè g’on bèl pòm Kot sa’m pa ka di la-a K.Libr’ : m’renmen manje chat ki gra anpil
Ded Kra-z Nou pote pou tèt, nou pote pou men, nou poute pou bout anba Se souke, frape, brase, danse jouktan ou gaga
Nou pote pou tèt, nou pote pou men, nou poute pou bout anba Se souke, frape, brase, danse eh eh!
> About the Authors
Brian "B.Shags" Shaughnessy has been rapping for more
than 10 years. During this time he has recorded over
52+ tracks. His specialty is teaching proven methods for
improving a rapper's skills and has taught these unique
methods to many well known rap artists today.
Publier un commentaire