100% RAP KREYOL...Depi 2005 RAPFORUM BLOG: Opinyon : Yon Kanpay pou chanje imaj rap kreyol la
 
Rendez-vous sur Rapforum Club
RAP
FORUM
RAPFORUM BLOG : NEWS/MIZIK/BEAT/RAPKREYOL HIP-HOP
  VIDEOTAG/Gari Chang +  Video & Live : Carnaval Rap creole
Loading...KAMOUFLAY
-->
    RAPFORUM | NOUVELLES | MUSIQUE | PROFIL | CONCERT | OPINION | MEDIAS | VIDEO | ALBUM | PAROLES | TV

PUB
100%
H I P
HOP
29 septembre 2008
Opinyon : Yon Kanpay pou chanje imaj rap kreyol la
par Miguel ROMAIN

M'ap profite pou'm felisite nou pou travay ke nap fè pou rap Kreyol la. Mouvman an bezwen anpil vrè solda menm jan avèk nou pou travay sa Master Dji te komanse an pa kanpe e pou mouvman an pa mouri.

Se vre aprè yon gran bès de 1999 a 2006, Rap Kreyol retounen ap vale teren ankor. Men se pou konbyen tan??? Nou tout ta renmen ke Rap Kreyol rete ap mennen pou 10, 20,30,...100 ane ankor. Sepandan gen anpil bagay ki pou fet toujou.

Yon nan bagay ke rapè ayisyen yo supoze konnen, se ke sosyete nou an, sosyete ayisyèn lan poko asepte Rap Kreyol a menm a 80%. Mwen konnen ke jenès la-an Ayiti dèyè Rap Kreyol la ak tout force e ak tout nanm li. Men malerezman se pajenès laki gen pouvwa ekonomikl la pou supote mouvan an e mouvman an pap ka kontinye ekziste pou 20, 30, 50,...10 ane san ke rapè Ayisyen yo pa ka viv de mizik Rap Kreyol ke yap fè.

Donk li enportan pou mesie rapè yo eseye chanje imaj Rap Kreyol la. Mwen konprann ke mizik Rap Kreyol la se yon mizik kap toujou gen enfluyans Hip hop Ameriken an, men nou pa oblije kopye tout lot vye bagay ki vini avèk li.

Rapè Ayisyen yo ka itilize Rap Kreyol ak influyans ke rapè yo genyen sou timoun yo ak jèn yo pou yo fè dè bagay pozitif. Men dabor rapè yo dwe projte yon imaj pozitif nan fason ke yo konporte yo nan lari, lè yap pèforme ak lè yo ale nan lot progwam mizikal oubyen kiltirel.

Donk mesie, vini nou pwan 3 lot moua ki rete nan ane a pou nou preche rapè Ayisyen yo nan emisyon radio tankou sou sit entènèt yo pou yo sispann projte imaj GANGSTER paske rapè pa synonym de gangster, rapè pa sinonym de hustler, tapajeur, chimère, ou byen vagabon.

Vini eseye konvenk rapè Ayisyen yo pou yo swanye fason yo abiye, fason yokonporte yo an publik, yon fason pou yo ka montre detraktè mouvman Rap kreyol la ke Rapè Ayisyen yo se porte parole jeunesse la. E si yo se porte parole jeunesse la, yo supoze bay ezamp, yo supoze projte yon imaj pozitif, imaj de jèn ki kultive e ki forme; imaj de jèn ki pa anbrase mizik rappou sabote kilti Ayisyèn lan men pito pou elaji li e ajoute plis varyete ladann.

E yonn nan bagay ki trè enportan pou rapè Ayisyen yo eseye fè, se sispann di betiz an anglè nan mizik yo. Mwen remake ke anpil rapè ou group rap kreyol evite di betiz an kreyol nan mizik yo poutan yo alèz pou di mo tankou SHIT, FUCK, MOTHERFUCKER, MOTHERFUCKING, BITCH, DICK, NIGGA...

Se vre an Ayiti, moun yo pa bay mo anglè sa yo enportans lè yo tande yo nan mizik, men gen anpil paran Ayisyen ki ap viv USA, si yon radio Ayisyen ap jwe yon mizik Rap Kreyol ki gen betiz sa yo an anglè, yo pap kite timoun yo koute stil mizik sa. Paran sa yo pap konnen se yonn ou byen 2,3 rapè sèlman ki di betiz nan mizik yo, yap panse ke se tout rapè. Lè konsa anpil nan paran Ayisyen sa yo ki deja pa renmen Rap Kreyol ap profite pou denigre mizik Rap Kreyol pi plis toujou.

An plis de sa animatè radio Ozetazini paka jwe mizik ak mo betiz an anglè ke mwen mansyone yo, paske FCC ki se konpani leta nan USA ki regle bagay komunikasyon an ka sanksyone yon radio pakse li jwe yon mizik ki gen yonn ou pliziè nan mo sa yo. Donk, lè mesie rapè Ayisyen yo ap di mo betiz sa yo an Anglè nan mizik yo, animatè radio nan USA oblije paka jwe mizik sa yo. Lè konsa promosyon Rap kreyol la pa ka fèt Ozetazini.

Menm lè se vre Rap Kreyol populè anpil an Ayiti, se selman 20 à 35% nan Jèn ti Ayisyen ki USA yo ki koute Rap Kreyol. E parmi sa ki koute li yo, anpilnan yo se selman lè stasyon radio jwe rap kreyol yo koute'l. Poutan pa gen anpil radio nan kominote Ayisyèn nan ki jwe Rap kreyol.

Donk mesie,an nou komanse yon kanpa-n pou mande pou rapè yo chanje imaj mizik Rap Kreyol la. Vin nou pwan 3 lot moua ki rete nan ane 2008 la pou nou pale, preche rapè Ayisyen ki vle tande yo pou yo chanje imaj yo an piblik, pou yo sispann aji tankou gangster, tankou bandi, vagabon, chimè ak atoufè yon fason pou lot moun ka respekte rapè Ayisyen.

Ann mande yo pou yo suspann anplouaye mo anglè ki se betiz ann mizik yo. E sa ki gen tèt di ki ta vle di betiz an Anglè kan menm pou montre yo eklere oubyen yo pale anglè, an mande yo pou yo fè 2 vèsyon nan mizik kote yo vle di betiz yo pou yo ke radio ka jwe CLEAN vèsyon yo; epi moun kap achte CD yo ka gen chwa ant clean ou byen dirty vèsyon an.

Tanpri mesye, fè mesaj sa sikile bay tout rapè, tout animatè emisyon RAP KREYOL, e poste nan fason pa nou mesaj sa sou sit entènèt Rap kreyol yo. Paske li lè li tan pou Rap Kreyol gen respè li merite a, li lè pou rapè Ayisyen gen menm respè ak yon chanytè konpa paske rapè yo travay di pou mete bon lyrics nan mizik yo e an Ayiti jeunesse la prouve se dèyè Rap Kreyol li ye.

Sak gen zorèy pou tande, TANDE! (Lagè avèti, pa Touye Kokobe)

Libellés :

 
Commentaires:
Mwen espere ke mesaj sa rive nan zorèy rapè yo.
 

Publier un commentaire




<< Retour à la page d'Accueil


Idées pour l'avancement du Rap creole


Interview

Zoe Nas, animateur Hip Hop à Megastar / Propos recueillis par Pitog / 21/04/2007
  

Loading...Hit Production
  GRANDS TITRES DE L'ACTUALITÉ

Barikad Crew - Teyat (Kanaval 2010)

  CHATFORUM / Chat en Direct!
> Bientôt!!! Nous accueillerons dans cet espace des sessions de chat en direct avec des artistes!

Loading...Big-Up : KAMOUFLAY PRODUCTIONS
...
RAP SECRETS REVEALED
> A FREE Mini Course Brought to You by Rap Secrets Revealed - The Complete Guide to Elevating Every Part of Your Rap Game
Table of contents / 6-Part Course:
P/1 Getting Yo Style
P/2 Writing and Formulating Flows 1
P/3 Writing and Formulating Flows 2
P/4 Improving Your Delivery
P/5 Exercises to Improve Your Rap
P/6 6 Pitfalls That Will Crush any Artist
I hope you enjoy your course!
Brian Shaughnessy
Raptips.com
> About the Authors
Brian "B.Shags" Shaughnessy has been rapping for more than 10 years. During this time he has recorded over 52+ tracks. His specialty is teaching proven methods for improving a rapper's skills and has taught these unique methods to many well known rap artists today.

:: 100% RAP KREYOL: Hits en rotation
Faites parvenir vos chansons (version MP3) à rapforum1@yahoo.fr

 AUDIO CHANNEL & PODCASTING
  • Channel Audio sur le Hip Hop
  • Channel 100% Rap Kreyòl
  • CHANSONS HOMMAGE A BARIKAD CREW
  •  ACTUALITÉS
  • Google News: Rap Créole et Hip Hop
  • Yahoo News: Rap et Hip-Hop
  • MSN News: Rap et Hip Hop créole
  • Google News: Hip Hop et Politique
  • Actualités Hip Hop / Rap Créole
  •  RECHERCHE
  • Yahoo: Tout sur le Rap Créole
  • Google: Tout sur le Rap Créole
  • Google: Tout sur le Hip-Hop Créole
  • Google: Forum Rap & Hip Hop
  • Google: Economie et Hip Hop
  •  DOCUMENTATION RAP/HIP HOP
  • Wikipedia: Hip-Hop
  • Hip-Hop Core: Information sur le Rap
  • Rapconnexion: Histoire du Rap
  • Reprezent: Info Zulu Nation
  •  LIENS SITES RAP CREOLE
  • Kafouinc.com
  • Barikad Crew
  • originalrapboys.com
  • MYSTIK 703
  • dahaitiansarecoming.com
  • purerap.com
  • Mecca aka Grimo
  • Shakaitutu.com
  • YoungSquad1804
  • Majik Click
  • Rockfam
  • RapKreyolMusic.com
  • Rapkreyol.org
  •  FESTIVALS ET ÉVÉNEMENTS
  • Festival Caraïp Hop
  • Festival International de la Culture Hip Hop
  •  RESSOURCES
  • DJ
  • GRAFFITI
  • BREAKDANCE
  • MODE & FASHION
  • BOUTIQUES BLING BLING
  •  FORUM
  • Everythinghaitian.com : Forum Rap créole
  •  BIOGRAPHIES
  • Haïti Rap & Ragga
  •  ARCHIVES
    2005/05 - 2005/06 / 2005/09 - 2005/10 / 2005/10 - 2005/11 / 2005/11 - 2005/12 / 2005/12 - 2006/01 / 2006/01 - 2006/02 / 2006/04 - 2006/05 / 2006/05 - 2006/06 / 2006/06 - 2006/07 / 2006/07 - 2006/08 / 2006/08 - 2006/09 / 2006/10 - 2006/11 / 2006/11 - 2006/12 / 2006/12 - 2007/01 / 2007/01 - 2007/02 / 2007/02 - 2007/03 / 2007/03 - 2007/04 / 2007/04 - 2007/05 / 2007/05 - 2007/06 / 2007/06 - 2007/07 / 2007/07 - 2007/08 / 2007/08 - 2007/09 / 2007/09 - 2007/10 / 2007/10 - 2007/11 / 2007/11 - 2007/12 / 2007/12 - 2008/01 / 2008/02 - 2008/03 / 2008/03 - 2008/04 / 2008/04 - 2008/05 / 2008/05 - 2008/06 / 2008/06 - 2008/07 / 2008/07 - 2008/08 / 2008/08 - 2008/09 / 2008/09 - 2008/10 / 2008/10 - 2008/11 / 2008/11 - 2008/12 / 2008/12 - 2009/01 / 2009/01 - 2009/02 / 2009/02 - 2009/03 / 2009/03 - 2009/04 / 2009/04 - 2009/05 / 2009/05 - 2009/06 / 2009/06 - 2009/07 / 2009/07 - 2009/08 / 2009/08 - 2009/09 / 2009/09 - 2009/10 / 2009/10 - 2009/11 / 2009/11 - 2009/12 / 2009/12 - 2010/01 / 2010/01 - 2010/02 / 2021/07 - 2021/08 /

      

     RAP MADE IN USA
     TyMeLyNe.com - Daily Hip Hop News



    HAITI NEWS / NOUVELLES
    Commanditées par Rapsodie Productions



    P L A Y L I S T
    PODCAST DHAC
    Johny Jacques
    SPONSORS

    Visiter Rapforum Club




    100% Rap Kreyol
    ..................................
    RAPFORUM BLOG! Informations et échanges pour la promotion du Rap créole et des Cultures Hip-Hop. RAPSODIE PROD., JALAVID VIDEO, ASRAP, HIT PRODUCTION.
    Le Blog...RAPFORUM
    Editeur : Gari Chang
    Photo/Vidéo: Jacques Laguerre, GSG
    Collaborateurs: Misyonè, Makandal, Dipesh Patriyot
    Faites parvenir vos informations à : rapforum1@yahoo.fr

    Powered by Blogger

  • PUBLICITE SUR LE SITE! / ANNONCEZ VOS ALBUMS ET PLACEZ VOS CHANSONS EN ROTATION

    © 2005-2010 RAPFORUM
    45, ave Magloire Ambroise, Port-au-Prince, Haiti
    E-mail: rapforum1@yahoo.fr