Festival Hip-Raptik
PAP/HAITI -- Festival Hip-Raptik la nan Bianna Inn te komanse avek anpil reta, men piblik la te sanble kontan e yo te amize yom, malgre pwoblèm son ki te genyen. DJ Zo Nas te anime yon pati nan festival la. Nou te ka wè anpil gwo MC ki te vin gade, tankou K-Tafal, F-ner, Izolan. Mesye sa yo te vin ankouraje mouvmant. Yo te pran lapawòl pou te preche lapè. Yo te mande pou zafè beef la fini pami rapè yo.
Libellés : Concert