Negus : yon gwoup Rap kreyòl nan Brooklyn
PAP/HAITI -- Nou resevwa kouryèl sa-a ki ba nou enfomasyon sou Choopy Mafia, yon jèn rapè ayisyen k'ap viv nan Brooklyn ki gen yon gwoup ki rele Negus ansanm ak Benchoumy epi Johwell.
Teks:
Mwen se Choopy mafia, yon rapè k-ap viv Brooklyn, ki kite ayiti an 2004. Jodi-a mwen gen 20 tan. Mwen tap soti avek Asrap si mwen pat gentan pati paske f.nè ak James Berlus te gentan pranm nan group la. Men nan menm mwa sa-a mwen te oblije vwayage, se sa-k fè piblik la pat gentan konnen-m, men se konsa tou genn anpil ki konnen-m paske mwen kon-n toujou nan plizyè pwogram ap fristal. Kounye-a nan Brooklyn mwen still ap voye Rap Kreyòl monte nan nenpòt konpetisyon rap kreyol mizik ki genyen ou mèt ekrim sou email mwen.Lejand foto Gwoup Negus : yon zanmi, Johwell, Choopy Mafia, Benchoumy