Rankont Barikad - Rockfam nan Rapforum
PAP/Haiti -- Mèkredi 3 me te gen yon gwo rankont nan Rapforum, kote manm Barikad t'ap rankontre ak manm Rockfam sou pwoblèm chirepit ki gaye nan mitan fanatik yo nan afè mouchwa rouj, mouchwa nwa. Nèg lavil yon bò ak nèg Delma yon lòt bò.
Apre plizyè pawòl tonbe kote K-tafalk ki t'ap pale pou Barikad te eksplike kisa yo reproche nèg Rockfam ki konn di yo seri pawòl nan emisyon Rapproche. Dug G te reponn pou'l di ke Rockfam pa gen okenn pwoblèm avek Barikad.
Reyinyon sa te fini lè de reprezantan gwoup sa yo te kore. Te gen anpil aplodisman lè sa-a. Sete yon moman enpòtan pou rap kreyòl la.
Na ba'w plis detay...
Festival Rapprocher depa dèyè
PAP/Haiti -- 29 avril ki sòt pase la-a, se pa de fanatik ak Mc ki te nan festival sila-a. Men yo te sòti ak anpil desepsyon pou jan òganizatè yo te prepare festival la. Festival te kòmanse a 8è olye 1è. Sèn lan p'at prè menm a 6è. Son an pat bon epi ... epi... Yon move eksperyans pou Rap Kreyòl. Men, fanatik yo konprann sa'k pase-a, paske yo tout dakò ke animatè konpa pakapab ap anime cho rap (Leroy, Pastè blaze, elatriye).
Planèt Kreyòl pa menm prezante ekskiz pou deblozay ki pase nan fen festival kote piblik te bije kite zòn lan anba presyon lapolis. Anpil gwoup deja di yo pa'p patisipe nan festival sa-a ankò.