Sezon kanavalès ap vale teren tout bon vre. Anpil gwoup gentan voye mizik kanaval yo nan radyo. Gen videyo k'ap prepare osnon ki fini. Fè mizik la epi voye'l nan radyo se premye etap la. Gen gwoup ki tou ret la, men gen lot ki pral pi lwen nan fè yon videyo epi gen lot ki pral pi lwen anko paske y'ap fè démach pou jwenn cha.
Nou prevwa ant 4 ou 5 gwoup Rap kreyol ki ka patisipe nan defilé twa jou gra yo nan Potoprens pou ane 2009 la. Gen lot ki pral jwe sou stann.
Rap kreyol-la te fè bèl figi ane dènye avèk Barikad Crew - Tifi pile Ti gason pyafe. Nou pwofite okazyon an pou nou rann yon gwo omaj ak K-tafal, yon vrè solda ki pa pot kanson'l pou bèl twèl.
Ane sa-a ap pi bèl. N'ap tann enfomasyon pou nou ka presize gwoup k'ap nan défilé-a 22 23 24 fevriye.
Fat Jam: Mwen ta renmen nan defile pandan 3 jou gra k-naval la.Menm jan tout lot gwoup yo. k-naval 2009 nou an yo klase pou meyè pou depatman latibonit la.Tit la se BAGAY LA BON li sou plizyè sit.egzanp: Sakapfèt- Bonzouti-rap forum blog.ak anpil radyo nan peyi a.Big Up
RépondreEffacer